Nouvo Enskripsyon Davans Nan Telefon Pou Ede Fasilite Pwosedi Tes yo Nan Pembroke Pines Sant Koleksyon Tes CB Smith Park
nou mete yon nouvo pwosesis enskripsyon davans nan telefòn anplas pou redui kantite tan pou tann nan sant Koleksyon tès CB Smith Park pou COVID-19 pou moun pandan yo dèyè volan oto yo Moun yo pral kapab fè tès depistaj selon kritè ki enpòtan anpil yo epitou y ap kapab bay enfòmasyon demografik yo davans, ki nesesè pou yo kapab fè tès la nan pak la.
LIY REZÈVASYON NAN SAN T KOLEKSYON TÈS POU COVID-19 954-276-4680
RELE SANT LAN KÈK ÈDTAN ANVAN POU ENSKRIPSYON AN:
Liy telefòn Sant Apèl la pral kòmanse travay apati lendi 23 mas 2020 ant 1pm ak 5:30 pm; epi answit liy lan ap travay chak jou apati madi 24 mas 2020 (6 jou pa semèn) ant 7:30 am ak 5:30 pm.
- Tout moun ki rele pou enskri – epi ki satisfè kritè pou teste – ap resevwa yon nimewo konfimasyon, epi gen yon sache k ap tann nan pak la pou yo.
- Si anpil moun vini nan yon oto, chak moun dwe enskri davans.
- Tout moun dwe pote pyès idantifikasyon yo.
- Chak moun ki vle teste nan sant sa a dwe enskri davans. Pwosesis enskripsyon davans lan pral amelyore kapasite a epi l asp fè tout pwosesis vin efikas otan sa posib.
MOUN KI TA DWE RELE POU ENSKRI
Nenpòt ki satisfè kritè ki endike anba la yo.
- Premye sekouris (Pèsonèl debaz lapolis,pèsonèl sekou pou dife ak travayè lopital ki pa gen sentòm.
- Moun ki gen laj 65 ane oswa plis ki gen pwoblèm medikal kwonik epi ki pa gen sentòm.
- Moun ki satisfè kritè pou yo teste: ki pa gen sentòm , ki te fè yon vwayaj nan peyi etranje nan bato kwazyè oswa nan avyon oswa ki soti nan yon zòn jewografik ki afekte.
- Moun ki gen sistèm defans yo ki fèb epi ki pa gen sentòm.
SA POU ESPERE NAN SANT LAN
- Moun yo dwe gen ID yo pare pou yo montre lè yo rive nan sant lan. N ap verifye non moun k ap fè deklarasyon an avèk sache a.
- Lè nou verifye moun ki fè deklarasyon an, Lagad Nasyonal ap bay lòt enstriksyon.
- Pa gen tretman medikal ki disponib nan sant lan. Sant la sèlman pou koleksyon tès.
Tanpri sonje si ou pa gen sentòm, oswa sèlman si ou santi sentòm lejè grip epi ou pa nan kategori moun ki arisk anpil, pa vini nan sant tès la. Rete lakay ou, izole tèt ou epi repoze ou. Ou ka konsilte avèk doktè ou tou oswa ou ka itilize telehealth pou kontakte yon doktè konsènan sentòm ou yo oswa ale nan saldijans ki pi pre ou si ou nan detrès grav.
FASON POU JWENN REZILTA YO
- Ekip klinik Memorial Healthcare System pral kontakte tout moun ki fè deklarasyon yo nan telefòn pou fè yo konnen si rezilta tès yo pozitif oswa.
- Moun ki fè deklarasyon ki te bay yon adrès imèl pandan enskripsyon an pral resevwa lyen pou yo enskri nan Memorial My Chart oswa nan Quest Laboratory pou resevwa rezilta tès yo sou fòm elektwonik.
Kreyasyon operasyon pou moun pandan yo dèyè volan oto yo se yon pati pwojè Gouvènè Ron DeSantis pou ogmante tès pou COVID-19nanj Florida. Operasyon tès CB Smith Park se yon efò anpil ajans epi li gen ladan sipò Pak ak Lwazi Konte Broward Recreation, Jesyon Ijans Broward ,Biwo Cherif Broward, Depatman Transpò Florida, Divizyon Jesyon Ijans Florida, Depatman Sante Florida, Patwouy Otowout Florida, Lagad Nasyonal Florida National, Memorial Healthcare System, Depatman Lapolis Pembroke Pines t, Sekou Ponpye Pembroke Pines ak Quest Diagnostics.